Kou sou teknoloji an Kreyòl Ayisyen pou w demare

Lè wap kode, ou panse pi byen - panse w ale pi lwen.

Konnen kiyès nou ye

Nou se yon konpayi ki ofri fòmasyon nan teknoloji ak konesans dijital.

Kou nou ofri yo disponib anliy oubyen prezansyèl ak tout resous videyo, tèks, pwojè ki baze sou vi reyèl la ak sesyon mantora anliy.

Nou gen plizyè klas

Sa nou ofri

Fòmasyon sou plas

Fòmasyon yo kapab "Bootcamp", atelye, klèb ak konpetisyon kode

Kou anliy Tèks/Videyo

Kou yo disponib sou platfòm sila a, ak tout tèks plis videyo

Mantora

Sèvis akonpayman pou chak aplikan nan karyè pwofesyonèl yo.

Klas

Enstrikte

Mantò

Aplikan

Roadmap

Gid siksè w

Vin yon devlopè sitwèb

Vin yon devlopè aplikasyon mobil

Vin yon devlopè aplikasyon òdinatè

Vin yon administratè baz done

Vin yon devlopè front-end

Vin yon devlopè back-end

Vin yon syantifik done

Vin yon konseptè sitwèb

F.A.K

Foul Ak Kesyon

Pou w enskri nan yon kou, ou dwe kreye yon kont sou platfòm nan. Aprè ou dwe chwazi kou a avan. Lè w fin chwazi kou a, ou ap jwenn yon bouton ki make “ENSKRI” oubyen “S’INSCRIRE” oubyen “ENROLL”. Lè w klike sou bouton sa, si kou a peyan wap gen opsyon pou w peye ak Moncash oubyen Paypal. Si kou a gratis, wap tou entegre klas la otomatik.

Kou yo baze sou yon metòd travay pratik ak pwojè sou reyalite a. Enstriktè yo, kominote devlopè yo ak ansyen aplikan yo ap ede youn ak lòt pou konplete travay sa yo. Lè yon aplikan fin reyisi pwojè final yon kou. Li ka chwazi gid yon mantò nan pakou pwofesyonèl ou.

Peye yon kou ka fèt aprè w fin klike “Peye epi enskri” sou kou w vle enskri a. Answit wap jwenn etap pou w peye a, ak Moncash oubyen ak Paypal.

Djòb sou mache a, pa toujou garanti. Men pou chak kou yo, toujou gen òf staj ak travay pou aplikan ki pi pèfòman yo.

Chak mwa, Code9Class toujou òganize Bootcamp oubyen atelye sou yon kou ki deja nan Code9Class.

Lè w fin konplete yon kou. Ou ka mande pou w gen yon mantò nan pakou pwofesyonèl ou. Lis mantò yo ap disponib pou ou lè w fin konplete kou ou ye a.